Pou kisa se QuitLine?
Paske yo kapab ede ou.
Depi 2001, QuitLine ede anpil milye moun k ap viv an Florid kite fimen. Kidonk, 7400 Floridyen sou wout pou vin gen bon sante pandan y ap diminye chans pou afekte manm fanmi ak zanmi yo vin fimè segondè nan pwosesis la.
Nenpòt adilt ki genyen laj 18 tan ak plis kapab itilize pwogram konsèy gratis sa a. Jiska prezan, plis pase 12000 Floridyen rele QuitLine epi prèske 62% moun sa yo kite fimen oswa ap itilize pwodui abaz tabak ki pa polyan. QuitLine la pou ede ou kite abitid la tou!
Men sa pwogram lan ofri:
Kèlkeswa si ou te fèk kòmanse fimen oswa si w se yon fimè pandan tout lavi ou, QuitLine kapab ede ou.
Èske ou pare pou kòmanse?

Rele 1-877-U-CAN NOW (1-877-822-6669) epi w ap konekte avèk yon konseye.
Si w pito pou yon konseye QuitLine kontakte ou, ranpli fòmilè itil sa a.

- Konseye bileng fòme ki disponib 24 èdtan pa jou ak 7 jou pa semenn
- Jiska senk sesyon konsèy
- Jiska uit sesyon pou fanm ansent
- Dokiman pou aprann debouye ou sou fòm Quit Kit ki pratik
- Asistans famakoterapi (sou fòm koupon)
- Nou bay priyorite pou paran fimè ki gen timoun ki poko genyen laj 18 tan ak pou kliyan ak anplwaye depatman sante konte a