QuitLine

Yon men ki itil lè w bezwen li plis.

Chak ane, anpil milye Floridyen kite fimen. Plis lòt moun eseye kite fimen, men yo pa reyisi.

Si w ap eseye kite fimen, QuitLine la pou ede ou. Li gratis ak fasil.

Nan kèk moman, ou kapab konekte avèk youn nan konseye nou yo ki genyen fòmasyon espesyal k ap ede ou devlope yon plan pou retire tèt ou nan fimen ak nan depandans pou nikotin.

Konseye nou yo disponib 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semenn pou ofri ou sipò ak resous ou bezwen pou sòti finalman nan abitid la.

Èske ou pare pou kòmanse?

Konekte Sou Entènèt Kounye a

Rele 1-877-U-CAN NOW (1-877-822-6669) epi w ap konekte avèk yon konseye.

Rele QuitLine pou jwenn opòtinite pou resevwa patch, chiklèt ak pastiy ranplasman nikotin gratis.

Qwitter

Qwitter se yon zouti sosyal ki deziyen pou ede ou kite fimen. Qwitter fè kèk bagay pou asiste ou nan efò w ap fè pou kite fimen.
  • Ou kapab swiv san pwoblèm kantite sigarèt ou fimen chak jou.
  • Ou kapab konsève yon jounal panse ak santiman ou pandan w ap fè efò pou fimen mwens.
  • Ou kapab wè pwogrè ou fè apre yon sèten tan.
  • Ou kapab divilge enfòmasyon sa yo ba lòt moun ki kapab sipòte ou.
  • Èske ou pare pou vin yon Qwitter? Kòmanse kounye a.