Estatistik

Senpleman yon echantiyon...

Chak jou, prèske 6,000 timoun ki poko genyen laj 18 tan kòmanse fimen. Yon tyè nan timoun sa yo ap kòmanse vin fimè regilye. Sa fè 800,000 timoun pa an ki pran abitid la.

Gason fimè mwayen an mouri nan 13.2 anvan kontrepati non-fimè yo. Fanm yo mouri nan 14.5 ane anvan fanm ki pa fimen yo.

Itilizasyon tabak responsab pou prèske 1 sou chak 5 ka lanmò Ozetazini. Ant 1997 ak 2001, kèk 440,000 papa, manman, granparan, tant, tonton, frè ak sè te mouri paske yo te itilize pwodui tabak.

Fimen dezyèm men sitou nuizib pou timoun piti yo. Enfeksyon nan aparèy respiratwa boufe lafimen lakòz bòkote timoun piti yo responsab pou 150,000 a 300,00 enfeksyon nan pati enferyè aparèy respiratwa sou tibebe ak timoun ki poko genyen laj 18 tan. Malerezman, prèske 500 tibebe mouri chak ane nan Sendwòm Mò Sibit Tibebe akòz pwoblèm respiratwa ki asosye ak fimen dezyèm men.

Timoun yo pa sèlman viktim fimen dezyèm men. Chak ane, 3,000 adilt ki pa fimen mouri avèk kansè paske yo te ekspoze nan lafimen sigarèt. Yon lòt 35,000 adilt mouri nan maladi kè paske yo te ekspoze nan fimen dezyèm men.

Alòske konsomasyon sigarèt nan pwen ki pi ba depi Dezyèm Gè Mondyal la, apeprè 24% gason ak 18% fanm toujou fimen, menm lè yo an fas prèv irezistib risk sante ki asosye avèk fimen, mache tabak nan bouch oswa tranpèt.

An 1997, 48% elèv gason lekòl segondè te di yo te itilize tabak nan yon sèten mwa. Pousantaj sa a diminye a 32% an 2005. Kantite fanm ki itilize pwodui tabak ki te 36% te pase 25% pandan menm peryòd la.

Fimen siga te ogmante nan yon 138% enkwayab ant 1993 ak 2005. Paske siga genyen anpil menm sibstans kanserijèn tankou sigarèt, fimè yo gen risk pou trape anpil menm kansè, avèk tou kansè nan poumon, kansè nan bouch, kansè nan larenks, kansè nan ezofaj, ak kansè nan pankreyas.

Fimen koute Ameriken yo yon lòt 167 bilyon dola nan depans ki gen pou wè ak sante chak ane. Sa genyen ladan depans medikal pou adilt ak tibebe ki fèk fèt ak pèt rannman travayè yo tou.

Chak ane, plis pase 160,000 Ameriken trape kansè nan poumon, epoutan se fòm kansè ki pi kapab evite. 87% ka lanmò kansè nan poumon deklare akòz fimen. An 2007, yo estime ap genyen plis pase 213,000 nouvo ka kansè nan poumon.

Anpil jenn moun ap itilize nagiye alaplas fimen. Pwodui sa yo pa yon altènativ sennesòf paske lafimen ki inale a toujou genyen konsantrasyon toksin tankou monoksid kabòn, nikotin, goudwon, ak metal lou. Paske anpil moun sèvi nan menm pip, maladi enfektye – avèk tou tibèkiloz ak elyobaktè (ki kapab lakòz ilsè lestomak) – kapab transmèt fasil ant yon moun ak yon lò.

Sigarèt abaz jiwòf pa pi bon pou ou nonplis. Yo rele tou kretèks, epi yo genyen 60% a 70% tabak, balans lan se poud jiwòf. Yo distribiye plis nikotin, monoksid kabòn ak goudwon pase sigarèt regilye yo. Kidonk, fimè kretèk yo ajoute 20 fwa risk pou yo vin genyen fonksyon poumon ki pa nòmal parapò ak moun ki pa fimen yo.