Enfòmasyon
Chif yo vrèman kòmanse vin ogmante...

Estatistik yo kapab sanble pa sèten. Sitou lè yo pa genyen anyen pou wè avèk ou. Oswa èske yo genyen pou wè avèk ou?
Pou pi byen oswa pou pi mal bagay ou fè kounye a ap afekte ou anba chemen lavi a. Menm pi pit bagay la – tankou fimen sigarèt oswa mache tabak nan bouch ou – kapab anpeche ou reyalize rèv ou yo.
Èske w pa kwè nou? Let the numbers speak for themselves. An nou kite chif yo pale pou tèt yo. Etid yo pwouve akoutimans nan nikotin (rezon ki fè ou fimen, mache tabak nan bouch ou oswa pran tranpèt okòmansman) kapab genyen gwo efè sou sante ou, aparans ou, sante moun ou renmen plis yo epi finalman, kantite tan w ap viv.
Se chwa ou, sètènman. Senpleman asire se yon chwa ki reflechi.
Enfòmasyon sou Florid
- Nan Florid, fimen touye plis moun pase alkòl, SIDA, aksidan machin, dwòg ilegal, ansasinay, ak swisid ansanm.
- Chak ane nan Florid, genyen 26,300 timoun ki poko genyen laj 18 tan ki kòmanse fimen chak jou.
- Timoun yo achte 28.8 milyon pòch sigarèt chak ane nan Florid.
- Prèske yon adilt sou senk fimen nan Florid.
- Jenn adilt yo (18 jiska 24 tran) fimen nan pi plis pase nenpòt lòt gwoup laj.
- 15.5% elèv lekòl segondè fimen chak jou.
- Kounye a, 369,000 timoun ki poko genyen laj 18 tan, ki vivan nan Florid, ap mouri bonè paske yo fimen.
- 28,700 adilt ki nan Florid mouri chak ane paske yo fimen.
- An 2007, yo rapòte genyen 14.7% elèv lekòl segondè ak 6.1% pami elèv lekòl pre-segondè ki te fimen sigarèt yon fwa nan 30 dènye jou yo.
- 692,000 timoun ki nan Florid ekspoze nan fimen dezyèm men lakay yo.
- Apeprè 3 milyon adilt ki nan Florid fimen, oswa 21% popilasyon eta a.
- Yo estime apeprè 88 Floridyen k ap mouri chak jou poutèt yo itilize tabak.
Pou jwenn yon lis resous adisyonèl, tanpri ale nan sit wèb Klike la a.
