Règ ofisyèl — Konkou Videyo “YouCare”

KONKOU SA A DEZIYEN POU MOUN K AP VIV NAN ETA FLORID SÈLMAN (SOF, SAN LIMIT, TERITWA PÒTORIKO AK LÈT TERITWA ETAZINI) EPI LI DWE SÈLMAN ENTÈPRETE AK EVALYE DAPRE LWA ETAZINI AK LWA FLORID AK ANGLE AMERIKEN. OU DWE GENYEN OMWEN LAJ 15 ZAN POU ANTRE NAN KONKOU A.

OU PA OBLIJE ACHTE. YON ACHA P AP OGAMNTE CHANS OU POU GENYEN. NIL KOTE GENYEN ENTÈDIKSYON.

Peryòd Konkou a

“Peryòd pou Antre nan Konkou a” pou Konkou Videyo “YouCare” (“Konkou” a) se ant 12:00 AM ET, 11 fevriye 2008 (“Kòmansman Konkou a”) ak 11:59 PM ET, 5 me 2008 (“Fen Konkou a”). Se lè ki nan òdinatè esponsò a ki gouvène mak tan an.

Kalifikasyon

Ou kapab antre nan Konkou a si w se yon moun k ap viv nan Eta Florid legalman, si w genyen laj 15 zan oswa plis nan moman w ap antre a. Anile nan Pòtoriko ak nan teritwa lòdbò lanmè Etazini, posesyon, komonwèl ak enstalasyon militè ak nenpòt kote li entèdi, lisansye, restrikte oswa takse. Anplwaye, ofisye, direktè ak reprezantan Eta Florid (“Esponsò”), Zimmerman Agency ak THE MARKETING AGENCY, LLC, konpayi-mè respektif yo, filyal yo, biwo piblisite yo, plan yo, konsepsyon sit wèb yo, ebèjman sit wèb yo, piblisite yo, pwodiksyon yo ak pwodiksyon enpresyon yo ak nenpòt moun ki konekte avèk pwodiksyon an, ebèjman sit wèb la ak distribisyon Konkou sa a (kolektivman, “Enstitisyon Konkou a”), manm fanmi pwòch yo (paran, timoun, sè oswa frè, madanm oswa mari — avèk tou “bo-paran” jan yo kapab aplike — epi chak madanm oswa mari respektif, kèlkeswa kote y ap viv) ak manm nenpòt kay ki pa kalifye pou antre oswa pou genyen yon pri. Moun k ap antre yo dwe afilye avèk sendika talan komèsyal, tankou, san limit, Screen Actors Guild.

Fason pou Antre: Ou kapab antre nan Konkou sa a sèlman atravè Entènèt

Pandan Peryòd pou Antre nan Konkou a, avèk imaj videyo orijinal ou filme yo, kreye yon videyo ki konfòm avèk Modalite antre youtube.com. Fè antre ou dire de (2) minit sèlman. Nan yon mannyè ki orijinal ak kreyatif, soumisyon videyo ou ta dwe montre sèl pwendvi ou sou zafè pa fimen ak relasyon pwendvi a genyen avèk tit Konkou “YouCare.” Pa genyen limit sou pèspektiv ou kapab pran ki varye ant, pa egzanp, montre oswa repwodui fason ou kite fimen ak rezon ki fè ou pa fimen toudabò. Si w chwazi pou ajoute mizik nan videyo ou, li dwe se yon mizik orijinal oswa ki pa genyen wayote. Men kèk sit wèb ki sijere pou mizik ki pa genyen wayote: www.royaltyfreemusic.com/, www.opuzz.com/free_tracks.asp/ and www.incompetech.com/m/c/royalty-free/. Pou antre videyo ou nan Konkou a, ou dwe fè sa ki annapre yo: Chaje videyo ou, ki kreye dapre Règ Ofisyèl yo, nan sit wèb YouCare nan youtube.com/youcare epi swiv enstwiksyon pou konplete afichaj la. Li rekòmande pou w itilize tag “YouCare,” epitou ou kapab ajoute lòt tag ou chwazi. Swiv enstwiksyon pou ranpli fòmilè antre a. Pou fè sa, soumèt enfòmasyon yo mande w yo avèk tou yon imèl valid ki pèmèt ou vin yon itilizatè ki otorize. Y ap mande w pou revize ak aksepte Règleman sou Itilizasyon ak Divilgasyon Enfòmasyon Prive ak Règ Ofisyèl Konkou sa a. “Itilizatè otorize” defini tankou moun nòmal ki resevwa yon imèl founisè aksè nan Entènèt la, founisè sèvis la oswa òganizasyon an (sètadi biznis, enstitisyon edikasyonèl, elatriye) ki responsab pou asiyen imèl pou domèn ki asosye avèk imèl la. Sizoka genyen yon konfli konsènan moun ki te soumèt yon antre patikilye sou Entènèt, y ap konsidere antre a pwopriyetè otorize kont imèl la soumèt. Ou dwe voye antre yo sou fòm elektwonik pandan Peryòd Antre nan Konkou a epi yo dwe resevwa yo anvan Fen Konkou a. Ou kapab soumèt nenpòt kantite antre ou vle, men ou dwe chaje chak antre apa nan youtube.com/youcare epitou ou dwe ranpli yon nouvo fòmilè pou antre a, dapre tout detay ki endike anwo a. Antre yo: (i) dwe orijinal; (ii) se moun ki nan konkou a ki dwe kreye antre yo (sa kapab yon efò an gwoup men yon sèl moun dwe enskri epi genyen); (iii) pa dwe pibliye anvan, pa dwe soumèt nan lòt Konkou oswa pa dwe te resevwa pri anvan; epitou, (iv) pa dwe vyole dwa yon twazyèm pati. Videyo yo pa dwe genyen pònografi, yo pa dwe aktivite ki vilgè oswa inapwopriye, yo pa dwe genyen kalomni sou sèks oswa ras oswa rapò avèk sèks oswa ras, reprezantasyon nenpòt mak depoze oswa logo, langaj ofansif oswa nenpòt dokiman ki ta ofansif kont yon gwoup moun oswa kont yon moun. Esponsò a gen dwa pou edite nenpòt pòsyon yon videyo ki soumèt oswa li gen dwa pou retire li nèt si li kwè videyo a pa akseptab nan tout detèminasyon li epitou li p ap angaje okenn fòm kominikasyon oswa diskisyon avèk moun ki soumèt yon videyo.

Dwa pou Videyo a

  • Depi w antre nan Konkou sa a, ou konfime ou satisfè kondisyon kalifikasyon yo jan yo endike nan Règ Ofisyèl yo. Depi w antre nan Konkou sa a, epi si yo ta dwe vote pou ou pou youn nan 50 pi bon videyo yo nan pòsyon piblik konkou a, ou dakò sitou pou:
  • (i) bay Esponsò a dwa pou itilize ak pibliye enfòmasyon byografik ou bay yo (sof adrès kay ou, nimewo telefòn ou ak imèl ou) epi pou li itilize ak pibliye videyo ou soumèt la bay tout medya, avèk tou, men pa sèlman, afichaj sou Entènèt, nan televizyon, kab, pwodiksyon videyo, aplikasyon nan radyo ak nan lòt chenn medya ak aplikasyon ak pou piblisite, pwomosyon, lòt Konkou Esponsò esponsorize ak lòt rezon san ou pa bay lòt konsantman oswa san konpansasyon, sof kote lalwa entèdi sa, epitou ou asiyen ak transfere yon fason irevokab ba Esponsò a nenpòt ak tout dwa, tit ak enterè ki nan antre a, avèk tou, san limit, tout dwa-dotè ak dwa moral ki nan videyo a, epitou ou bay Esponsò a dwa pou chanje, adapte, vann, pibliye, itilize oswa pa itilize antre a nan nenpòt fason, annantye oswa an pati, nan nenpòt ak tout medya yo konnen kounye a oswa ki vin devlope annapre, san tan oswa san limit teritwa oswa san konpansasyon, sof kote lalwa entèdi sa; (ii) ou dakò pou Esponsò a, oswa moun k ap aji sou non li, kapab fè foto ou ak filme ou, epi itilize foto ak film sa yo pou tout piblisite, pwomosyon, komès ak lòt rezon epi nan tout medya, avèk tou, men pa sèlman, nan jounal, magazin, afichaj sou Entènèt, nan televizyon, kab, pwodiksyon videyo, aksè nan Entènèt, aplikasyon nan radyo, ak nan lòt chenn medya ak aplikasyon san ou pa bay lòt konsantman oswa san konpansasyon, sof kote lalwa entèdi sa; (iii) reprezante ak garanti ou genyen dwa pou bay Esponsò dwa nan videyo ou soumèt ki endike anwo a; (iv) sètifye ou pa afilye avèk sendika talan komèsyal, avèk tou, san limit, Screen Actors Guild (SAG); epitou (v) reprezante ak garanti ou pa itilize dokiman ki gen lisans oswa nenpòt dokiman yon lòt moun posede ki nan videyo ou, avèk tou, san limit, mizik, grafik oswa travay atistik; epitou (vi) reprezante ak garanti videyo ou a se yon videyo ki orijinal epi ou pa kopye konsèp la pou videyo ou nan yon lòt dokiman oswa ou pa fè plajya avèk li. Answit, ou garanti sitou imaj, resanblans ak vwa ki itilize nan videyo ou se zafè lòt moun ki bay konsantman pou filme yo nan videyo epitou pou videyo a soumèt nan Konkou sa a. Si videyo ou soumèt la se yon videyo yon videyas oswa nenpòt lòt moun te fè, ou dwe montre videyas la akòde ou dwa pou pibliye, repwodui oswa afiche videyo a. Pou fè sa, li dwe ba ou yon dechaj dwa-dotè ki genyen siyati li.

Posesyon Tabak

Li ilegal pou nenpòt moun ki poko genyen laj 18 tan posede nenpòt pwodui tabak. Vyolasyon lalwa sa a pa yon krim epitou sa kapab lakòz vyolatè yo peye amand, fè sèvis kominotè, patisipe nan pwogram anti-tabak epi si yo pa fè sa, yo kapab sispann oswa anile privilèj yo pou kondui nan Eta Florid. Seksyon 322.056 ak 569.11, Lalwa Florid. Patisipan nan konkou a ki poko genyen laj 18 tan kapab sèlman itilize pwodui tabak epi yo pa kapab posede pwodui yo pou yo pa vyole lalwa Eta Florid.


Fason Vote ak Chwa Gayan

Piblik la ap resevwa envitasyon pou wè videyo ki soumèt yo epi l ap klase yo ant youn ak senk vedèt. Y ap bay senk pwen pou klasman chak videyo senk etwal, kat pwen pou chak vòt pou videyo premye kalite, elatriye. Y ap deklare 50 videyo ki resevwa pi gwo kantite pwen yo kòm videyo ki “finalis.” Nan 50 videyo finalis yo, jij yo ap chwazi yon (1) gayan Gran Pri a ak nèf (9) gayan Premye Pri a. Jij yo ap fòme avèk yon gwoup pwofesè film ak manm pèsonèl maketing Depatman Sante Florid. Pou bay pwen yo, jij yo ap konsidere: 1) fason kreyatif ou montre relasyon avèk fimen ak tèm lan, YouCare (30%); 2) fason prezantasyon ou a orijinal (30%); epi 3) kalite jeneral distraksyon videyo a (40%). Tout finalis yo ap resevwa envitasyon pou soumèt videyo yo sou yon disk DVD nan yon peryòd tan ki obligatwa. Si yon finalis pa kapab fè pwòp “enskripsyon memwa mòt” DVD li, Esponsò a ap fè sa pou li, depi li soumèt fichye a sou yon fòm elektwonik oswa depi li akòde pèmisyon pou Esponsò a alekri pou antre nan kont finalis YouTube li genyen an. 50 (oswa mwens) finalis yo ap genyen videyo yo emèt sou Comcast OnDemand.

Gayan Gran Pri

Gayan posib Gran Pri a ap resevwa yon Afidavit Kalifikasyon, Dechaj pou Responsablite ak Piblisite nan imèl oswa nan kourye lapòs Etazini nan sèl diskresyon Esponsò a, epi gayan an ap genyen obligasyon pou ranpli Afidavit la, pou notarye li epi pou retounen li nan twa (3) jou ouvrab. Si posib gayan Gran Pri a pa genyen laj majorite nan Florid, se paran oswa gadyen legal li ki dwe siyen Afidavit la. Si w pa fè sa, sa ap lakòz nou sezi pri a epi jij yo kapab chwazi yon lòt gayan.


Kantite, Pri, Valè Detay Apwoksimatif (ARV)

(1) Gran Pri: A IMac®, modèl 20 pous 2.0 GHz. ARV: $1,199.00. (9) Gran Pri: Yon iPod® ekran taktil miltipwen, modèl 8GB. ARV: $299.00
Si vrè valè nenpòt pri ta pi piti pase ARV ki endike a, yo p ap bay diferans lan an kach. Tout gayan yo ap genyen responsablite pou fè tout depans ki pa endike la a yon fason espesifik. Gayan yo rekonèt yo akòde pri yo “jan yo ye a” epi Enstitisyon Konkou a pa ni fè yo, ni responsab nan okenn fason pou okenn garanti, okenn reprezantasyon oswa garanti ki endike oswa enplisit, nan reyalite oswa nan lalwa, ki gen pou wè yon pri oswa ki konsène itilizasyon, valè oswa plezi pri a. Y ap akòde tout pri yo si yo reklame yo kòrèkteman dapre Règ ofisyèl yo epitou si genyen antre ki ase.

Jeneral (Pati 1)

Se Zimmerman Agency ak THE MARKETING AGENCY, LLC, k ap administre ak verifye konkou a. Yo se òganizasyon jijman endepandan epi desizyon yo se desizyon ki final. Depi w patisipe nan Konkou sa a, ou dakò pou respekte Règ Ofisyèl sa yo. Soumisyon antre yo ap fèt sou Entènèt sou Entènèt nan www.youtube.com/youcare. Moun ki vle antre yon videyo ap genyen responsablite pou jwenn aksè nan sit wèb kòrèk la epi pou peye tout frè, pou fè tout depans ki gen pou wè ak aksè nan sit wèb yo; moun sa yo dwe bay garanti frè pou jwenn aksè nan sit wèb la, si genyen, fè pati yon pi gwo akò avèk Founisè Sèvis Entènèt la oswa kèk lòt mwayen; frè pou jwenn aksè sa a pa dwe yon frè ki ogmante tanzantan; epitou frè sa yo te peye anvan epi yo pa depann de Konkou sa a. Esponsò a pa responsab pou antre ki pèdi, anreta, ilizib, mal oryante, enkonplè oswa ki bay konfizyon; pou moun ki pa kapab jwenn aksè nan Entènèt oswa ki pa kapab fè klik piblisitè pou nenpòt peryòd tan oswa pou mesaj yo oswa videyo ki bay konfizyon oswa si yo pa sezi enfòmasyon antre a kòrèkteman, oswa si pou nenpòt pwoblèm teknik, materyèl, lojisyèl, telefòn, Entènèt, kontaminasyon viris, rezo, erè imen, move fonksyon elektwonik, oswa nenpòt lòt pwoblèm; epitou pou reta, echèk oswa move fonksyònman pou nenpòt rezon. Esponsò a p ap pran responsablite pou domaj ki fèt nan materyèl, lojisyèl oswa rezo kominikasyon òdinatè patisipan an oswa nenpòt lòt moun/enstitisyon, kèlkeswa rezon an. Esponsò a gen dwa pou sispann/anile oswa chanje Konkou a oswa diskalifye nenpòt patisipan si, dapre sèl jijman Esponsò a, li detèmine entegrite oswa onètete Konkou a konpwomi oswa Konkou a pa kapab fèt jan li te planifye a oswa yon fason onèt, avèk tou, san limit, enfeksyon viris nan òdinatè, bòg, falsifikasyon, entèvansyon ki pa otorize (pirataj enfòmatik), fwod, pwoblèm teknik, fòs majè oswa nenpòt lòt kòz. Si Konkou sa a ta dwe sispann/anile pandan Peryòd Antre Konkou a, jijman ap fèt nan fason ki detaye anwo a nan tout antre yo resevwa nan pwen sispansyon/anilasyon an.

Jeneral (Pati 2)

Depi yon patisipan antre nan Konkou sa a, patisipan an ap dechaje epi pa fè responsab Enstitisyon Konkou a ak siksesè yo, asiyen, youn ak tout, nan nenpòt ak tout responsablite, aksyon, kòz aksyon, domaj, reklamasyon ak demand aktyèl, nan ensidan, oswa nan konsekans pou sa ki konsène lalwa oswa ekite, avèk tou tout “frè”, li genyen kounye a oswa kapab jwenn, dapre rezon oswa nenpòt domaj pèsonèl, lanmò, pèt oswa domaj pwopriyete, oswa nenpòt rezon ki fèt oswa ki rive pandan patisipasyon li nan Konkou epi akseptasyon ak itilizasyon oswa move itilizasyon yon pri pou nenpòt reklamasyon ki baze sou dwa piblisite, difamasyon, vyolasyon entimite, vyolasyon dwa-dotè, vyolasyon mak depoze oswa nenpòt pwopriyete entèlektyèl ki gen pou wè ak rezon aksyon an. Depi gayan an aksepte yon pri, li anile dwa pou 1) afime kòm yon frè pou genyen nenpòt pri ak tout frè verifikasyon ak redanmsyon oswa vwayaj pou chanje pri ki endike a, epi 2) reklame nenpòt responsablite (avèk tou onorè ak frè avoka) ki kapab genyen nan redanmsyon an oswa chèche chanje pri ki endike a (avèk tou nenpòt vwayaj ki endike ladan). Dwa pou resevwa pri a pa kapab asiyen ni transfere, epi Esponsò a p ap aksepte ranplasman, transfè, boukantay pri oswa ekivalan lajan kach pou pri. Esponsò a genyen dwa pou chanje yon pri (oswa yon pòsyon nan pri a) ki egal a valè a oswa pi gran pase valè sizoka pri a pa disponib oswa sizoka genyen yon Fòs Majè. Yon pri oswa notifikasyon pou yon pri ki retounen kòm pri ki pa kapab livre ap diskalifye gayan an epi y ap chwazi yon lòt gayan nan tiraj owaza.

Lwa

Si yo kwè nenpòt dispozisyon Konkou a vyole nenpòt lwa federal oswa lwa leta oswa lwa minisipal, yo dwe amande dispozisyon an pou li kapab konfòm avèk lwa a epitou tout dispozisyon yo ap rete an fòs ak anvigè nèt. Tout lwa ak règleman federal yo, leta ak lokal anvigè. Tout taks yo sou responsablite chak gayan; valè pri a ap trete kòm yon revni òdinè pou rekonpanse benefisyè yo pou taks sou revni y ap voye yon fòmilè 1099 IRS pou ane 2008 a ba gayan pri ki vo plis pase $600.

Erè ak Omisyon

Enstitisyon Konkou a p ap responsab pou erè oswa omisyon teknik, grafik, tipografik, oswa erè oswa omisyon editoryal nan okenn dokiman maketing oswa Règ Ofisyèl sa yo. Konkou a ap fèt nan lang Angle ameriken.

Itilizasyon ak Divilgasyon Enfòmasyon Prive

Esponsò a ak Administratè a ap ranmase enfòmasyon pèsonèl ou bay lè ou antre nan Konkou a. Enfòmasyon li ranmase yo kapab anba Règleman sou Itilizasyon ak Divilgasyon Enfòmasyon Prive ki nan http://www.myflorida.com/myflorida/privacy.html, ak Règleman sou Itilizasyon ak Divilgasyon Enfòmasyon Prive Maketing ki nan www.themarketingagency.com/html/sweepstakes.html. Ou kapab jwenn enfòmasyon sou itilizasyon ak divilgasyon enfòmasyon prive Youtube.com nan sit wèb www.youtube.com/t/privacy.

Renonsyasyon

Sof kote lalwa entèdi sa, depi chak patisipan antre nan Konkou a, yo anile nenpòt dwa yo kapab genyen nan yon pwosè avèk manm jiri epitou yo dakò pou nenpòt ak tout konfli, reklamasyon, aksyon ak kòz aksyon ki rive oswa ki konekte avèk Konkou sa a oswa pri ki akòde a ak tout pwoblèm ak kesyon konsènan validite, entèpretasyon ak aplikasyon Règ Ofisyèl sa yo ak lòt dokiman yo dwe rezoud apa, san rekou okenn fòm aksyon klas, epi sitou nan yon tribinal federal jiridiksyon konpetan ki chita nan Konte Leon, Florid. Nenpòt ak tout reklamasyon, jijman ak rekonpans dwe limite a vrè depans konplemantè ki fèt epi yo pa janm dwe genyen domaj pou konsekans, ensidan oswa pinisyon, epitou nan okenn onorè oswa “frè” avoka. Kèk jiridiksyon pa aksepte limit oswa esklizyon responsablite pou domaj pinisyon, ensidan oswa konsekans, kidonk sa ki anwo a kapab pa aplike pou ou.

Pou non gayan Gran Pri a

disponib nan dat 15 jiyè 2008 oswa apeprè nan dat sa a: Voye yon anvlòp #10 Biznis lan ki tou tenbre ak adrese pou Gayan an -- “YouCare” Video Contest, c/o The Marketing Agency, 233 Needham Street, Suite 300, Newton MA 02464, ki dwe resevwa anvan 15 jiyè 2008. Nou pa aksepte repwodiksyon alamen oswa fotokopi; sèlman yon (1) demann pou chak anvlòp kourye pou voye deyò. Ou pa kapab antre nan Konkou a avèk adrès sa a.

Esponsò

Se Depatman Sante Eta Florid, Depatman Sante 4052 Bald Cypress Way, Tallahassee, FL 32399 -1701 (“Esponsò””) ki esponsorize Pwomosyon sa a, epi se Zimmerman Agency, 1821 Miccosukee Commons, Tallahassee FL, 32308 ak Marketing Agency, LLC, 233 Needham Street, Suite 300, Newton, MA 02464 (“Administratè a”) ki administre Pwomosyon an.
Tout mak depoze yo se pwopriyete chak pwopriyetè apa. Itilizasyon sèten pwodui ak sèvis kòm pri pa gen pou wè avèk patisipasyon konpayi yo chak nan Konkou sa a oswa apwobasyon chak konpayi y nan Konkou sa a. © 2008, The Marketing Agency, LLC.