Konkou Videyo YouCare
Ofri Vwa ou pou Monn lan...epi w ap genyen Atik Fre Tou!

Konkou videyo YouCare se sèl chans pou moun k ap viv nan Florid genyen pou di monn lan an dirèk ak andifere pou kisa YouCare konsène sou danje ki genyen nan fimen. Konpetitè yo kapab genyen iMac, iPod gratis ak yon chans pou yo chwazi yo pou chenn On-Demand nan sèten makèt Florid.
Konkou an ap fèt sou YouTube, yon mak depoze Google, Inc., apati 14 fevriye 2008. Pwosesis la senp pou antre nan konkou an:
- Fè yon videyo. Ou pa kapab antre san yon videyo epi sonje pou di monn lan sa pou kisa YouCare.
- Apati 14 fevriye 2008, ale nan paj konkou a.
- Enskri pou yon kont YouTube gratis si w poko genyen youn.
- Swiv enstwiksyon senp yo pou chaje videyo ou.
- Gade lòt videyo yo soumèt yo epi vote.
- Tcheke ankò souvan paske n ap kominike avèk ou atravè kòmantè YouTube.
- Al gade Règ ofisyèl Konkou a nan sit wèb: http://www.tobaccofreeflorida.com/creole/youcare/rules/.
Se vòt ou ak yon komite jij k ap detèmine gayan yo. 10 pi bon videyo yo soumèt yo ap resevwa pri alòske n ap mete 50 lòt pi bon videyo yo sou televizyon.
Si w genyen nenpòt kesyon anvan 14 fevriye, pa ezite imèl nou nan youcare@tobaccofreeflorida.com.
Vizite Konkou YouCare nan sit wèb youtube.com/tobaccofreeflorida
