Mouvman an
Kèk moun fimen. Kèk moun pa fimen.

Sa sanble tankou yon senp prezantasyon, men li plis, plis ankò. Laverite, sèke kote yon moun mete li nan pozisyon pou chwazi si pou li fimen oswa si pou li di anpil bagay sou li.
- Ou chwazi pou kite tabak kontwole lavi ou, epi ou chwazi pou montre monn lan ou enterese plis nan sigarèt, siga oswa tabak san lafimen, pase pou w enterese a sante ou, oswa sante lòt moun ki akote ou yo.
- Ou chwazi pou mete tan ou, lajan ou ak desten ou nan men yon abitid aklè ki montre l ap mennen ou sèlman nan lanmò ak fen ou. Ou chwazi pou di, “Sa pa mele m. M ap fimen.”
- Ou chwazi pou pran kontwòl lavi ou, epi ou re-afime devouman ou pou lavi a. Ou chwazi pou respire pi lib, pou viv pi natirèlman epi pou patisipe pi pozitivman nan zanmi, fanmi ak monn ki deyò a. Ou chwazi pou di, “Sa konsène mwen. Mwen pa fimen.”
Mouvman sa a deziyen pou pwovoke reyaksyon toulède kote yo. Sa mande tout moun pou yo gade pwòp tèt yo nan glas epi pou pran yon pozisyon. Èske w se yon fimè? Èske w pa yon fimè?
Pi senpleman: Èske w konsène oswa èske w pa konsène?
